ALL ABOUT MIREBALAIS
Istwa Mibalè
Selon Mirabeau Louis
Mibalè fonde nan lane 1702 . Yo apwouve-l kòm pawas 23 avril 1723 , e nan lane 1925, li te gen yon sipèfisi 25 kawo tè. Premye kote Mibalè te ye se te Triyanon. Nan lane 1723, yo deplase-l mete-l Balumèt; nan epòk la, Balumèt te depan-n de awondisman Nò.
Daprè Monpoint Ledoux, jijdepè vil la, Mibalè vi-n komin nan lane 1878. Mibalè gen twa fò ladan-l : Fò Anglè , Fò Jak e Fò Alexand . Nan lane 1844, Mibalè manke vi-n kapital peyi dayiti sou gouvènman Jan Pyè Bwaye. Te gen plan pou yo t-al fè palè nasyonal la kote Le Mirage Hotel ye-a , ki se kay ansyen depite vil la, Dijon Jean Gilles. Desizyon pou Mibalè kapital peyi-a te pran akoz pozisyon stratejik kote-l plase-a, en fas Repiblik Dominikèn.
Anpil rechèch montre Mibalè se sant depatman sant la, e se sant le mond antye . Nan lane 1795, Toussaint Louverture te fè yon gwo reyinyon nan vil Mibalè, ki te reyini tout notab yo anndan legliz Sen Lwi-a , yon reyinyon ki te abouti a konstitisyon 1801-an.
Mibalè apante en 1749 pa apantè Potno Sensi se lè sa-a nou ta ka di vil Mibalè komanse fonksyone, daprè Moreau de Saint Merry. |